Nous aimerions connaître vos expériences avec la carte de débit internationale SOGEBANK. Que ce soit pour des achats en ligne, des retraits d’argent ou des transactions à l’étranger, vos commentaires nous sont précieux. Partagez vos avis et vos retours dans les commentaires afin de nous aider à mieux comprendre vos besoins et à améliorer nos services. Merci de votre participation.
BUSINESS PRO
Changez de niveau Maintenant!
Swadizan jan yap fè promulgation pou kat debi entènasyonal sa ou ta panse ke se vre men se yon veritab dezas, kat sa gentan fèm pèdi kòb ak opòtinite e anplis mwen te pase anpil mizè poum fèl.
Mwen tal eseye achte sou aliexpress avèl yo refizel lèm kontakte sogebank yo dim fòm te mande otorizasyon e mwen fè sa e sa pral gen mwa mwen bouke rele yo e ekri yo, yo dim yap regle sa pou mwen men se roule yap roulem !!
li la lap gade malman , menm pwoblem pou w fè plis ke 3zè nan liy pou w al fè yon senp depo. pwoblem app ap bay tanzantan few konn ap pèdi yon acha enpotan … pwoblem nan sèvis kliyantèl ki pa janm amelyore pou lè w resevwa yon kòb sou kont ki afilye ak li yo etc…
Mpoko janm ka fèl… tèlman gen moun devan Sogebank… epi sekirite yo vle fèm pran liy deyò menm jan ak moun ki vin fè tranzaksyon… majorité moun ki pa fèl se pou sa
Mw peyer sou alibaba san pwoblèm, mw peyer local tou san pwoblem
Mwen toujou pa jwenn posiblite pou fèl depi Gonaives
Petèt li poko aksesib pou tout zòn
Mwen te al esye peye plis Stokage sou Aple ak iphone mwen, malerezman kat la pa kapab. Mwen krent lè m vwayaje ak li pou m pa ta ka itilize l a letranje.
Malgre kat la aksepte sou shein, achak fwa male plase yon komand yo pa vle banm pase
Mwen itilize li nan yon amazon account seller yo asepte Mwen peye netflix avèl li mache. Lè m al nan ATM se anba mizè pou m pran laja epi lè mwen fè depoze kòb sou li li pran prèske 8 jou pou l bon se sogebank pou ekri ou rele pou m bay verifikasyon depo an epi pou yo jere sa, mwen fètranzaksyon de li ak lòt kont. Li mache nan makèt ni restoran Mwen poko itilize l pou lòt bagay .